Yon nouvo direktris enstale nan tèt direksyon TPTC branch Nòdès la

1,861

07-04-2022

Fòlibète, Ayiti_____(TRiboLAND) Se jodi lendi 4 jiyè a ke otorite konsène yo nan Leta prosede ak enstalasyon Enjenyè Altenor Terressa Horderlyne kòm nouvèl direktris travo piblik pou depatman Nòdès la.
Sou direksyon Enjenyè Jacques Fritz Desdumes ki se chaje misyon pou UCDD, enstalasyon Enjenyè Altenor Horderlyne nan tèt TPTC depatman Nòdès la te fèt an prezans anplwaye biwo TPTC nòdès la ak divès otorite depatmantal ou lokal ki te asiste yon parèy aktivite.

Pou nouvèl direktris la, se travay nan tèt kole ki bay rezilta; li pral travay ansanm ak tout otorite ak anplwaye nan depatman an, yon fason pou arive fè sa ki dwe fèt.

Madam Altenor ki te pase nan direksyon depatmantal TPTC Sid, Lwès ak biwo santral, ranplase nan pòs sila Enjenyè Renaud Adrien ki transfere nan Direksyon Jeneral ministè Travo Piblik ak Telekominikasyon.

Pa bò kote chaje misyon travo piblik nòdès la, Mesye Alexis Tony fè konnen madam Altenor gen anpil travay kap tann li. Konsa, li fè konnen ansyen direktè a se yon direktè teren e li swete nouvèl direktris la bonvini nan depatman an.

Jn Simon Manex

Comments are closed.