Sitwàyen nan Delma 33 pwoteste kont kidnapping dwàyen Université Saint François d’Assise d’Haïti

06/29/2021
Pòtopwens_____(TRiboLAND) Manifestasyon etidyan Université Saint François d’Assise d’Haïti (USFAH) kreye gwo tansyon nan Delma 33 jodi madi 29 jwen 2021 an; yon van panik ki gen pou wè avèk egzijans liberasyon dwàyen inivèsite a, pwofesè Raymond Jean Baptiste ke yo kidnape depi semen pase.
Selon fanmiy viktim nan, ravisè yo te mande 500,000 dola vèt pou liberasyon pwofesè Jean Baptiste alòske paran yo te deja bay yon vèsman; malgre tou dwàyen an toujou anba men ravisè sangwen yo ki egzije yon lòt 100, 000 dola vèt ankò.
Se yon sitiyasyon ki revòlte sitwàyen kap viv nan katye Delma 33 ki kreye panik ak barikad flanm dife kawoutchou kòm siy pwotestasyon kont dap piyanp ki fèt sou dwàyen inivèsite a.
Malgre ogmantasyon sitiyasyon pandemi kowonaviris la atravè peyi; zak kidnapping yo se youn pami yon pakèt lòt dràm ki pa sispann wonje sosyete ayisyèn nan.






