Leson Nou Dwe Aprann de Sak ap Pase nan Meri a

112
0
Share:
TRiboLAND

06/25/2026

Mwen pap janm pami moun k ap di Pòdpè pa gen chans. Okontrè, mwen toujou kwè vil sa a gen tout sa li bezwen pou l avanse. Mwen rete optimis paske mwen wè gen moun ki gen volonte, kouraj ak vizyon pou fè bagay yo chanje.

Pami moun sa yo, gen Prezidan Konsèy Minisipal la, Ralph Moreau, yon moun mwen konnen kòm yon rasanbleur ki toujou mete enterè Pòdpè anvan enterè pèsonèl li. Li se yon moun ki kapab travay ak tout moun, kèlkeswa diferans ki ka egziste ant yo.

Demisyon Direktè Jeneral Meri a reprezante yon reta nan kèk pwojè ak plan devlopman ki te deja an preparasyon. Men pafwa, li pi bon pou yon sitiyasyon klè bonè olye li vin tounen yon pi gwo pwoblèm pita. Se yon defi, men se pa fen batay la.

Nou tout konnen politik Pòdpè pa janm fasil. Twò souvan, nou tande: “Si pa m pa ka fè, pa w la pap fè non plis.” Se kalite mantalite sa a ki kenbe nou dèyè pandan plizyè dizèn lane. Men jounen jodi a, mwen santi yon lòt van ap soufle sou vil la. Nan tout peyi a, sitwayen yo ap mande vil ki pi pwòp, sèvis ki pi bon, plis opòtinite ak plis respè pou espas piblik yo. Mwen kwè van chanjman sa a kòmanse rive nan Pòdpè tou.

Nou pa dwe tann yon ti gwoup moun pou fè tout travay la. Devlopman yon vil se responsablite tout pitit li yo. Kit nou rete Pòdpè, Pòtoprens, Etazini, Kanada oswa nenpòt lòt kote nan mond lan, nou tout gen yon pati pou nou jwe nan avni vil la.

Mwen lanse yon apèl bay tout Pòdpèsyen ak tout Pòdpèsyèn: ann mete diferans pèsonèl nou yo sou kote. Ann sispann fè politik rayisman ak politik destriksyon. Ann chwazi politik pwogrè, politik koperasyon ak politik rezilta.

Pou kèk grenn detraktè ki toujou prefere kritike olye yo kontribye, mwen mande nou avèk respè pou nou kite vil la pran yon lòt souf. Kite moun ki vle bati yo travay. Kite lide pozitif yo grandi. Kite espwa ranplase dezespwa.

Pòdpè gen twòp potansyèl pou l rete bloke nan konfli initil. Avni vil la pa dwe depann de enterè kèk moun, men de rèv kolektif tout pitit li yo.

Ann pran angajman pou nou bati yon nouvo Pòdpè: yon vil ki pwòp, yon vil ki òganize, yon vil ki ofri opòtinite, yon vil ki fè tout pitit li fyè.

Nouvo Pòdpè a pap fèt ak mirak. Li ap fèt ak travay, ak inite, ak detèminasyon. Se moman pou nou tout patisipe.

“Pòdpè pa bezwen plis opozan; li bezwen plis moun ki pare pou bati.”

Pierre Richard Osias, Nèg Pwovèb la

Share:

Leave a reply