Ansyen Senatè Latibonit, Gracia Delva reponn kesyon jij denstriksyon Merlan Belabre nan kad dosye kòripsyon nan Sena a.

848

05 – 10 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Ansyen gwo potanta nan peyi Dayiti pa sispann defile grenn pa grenn pou al reponn kesyon devan lajistis pou zak malonèt yo ta komèt pandan pasaj yo nan Leta a.

Jij denstriksyon Merlan Belabre tande jounen jedi 9 me 2024 la, ansyen Senatè Latibonit lan, Gracia Delva, nan kad dosye malatchong kat Debi ak jesyon byen Sena a.

N’ap raplew, anketè ULCC yo nan kad dosye sila te mande ak otorite jidisyè yo pou mete anba kòd ansyen Senatè Garcia Delva, pou tèt li ta detounen divès materyèl Sena a, pami yo 5 nan 13 machin k’ap penpennen anba men nouvo chantè Mas konpa a.

Comments are closed.