Nèg ame fè yon atak e blese yon ansyen komisè gouvènman a.i. nan Kwà Dèboukè

262

02/27/21

Kwà Dèboukè_____(TRiboLAND) Plis pase yon ventènn nèg ame jous nan dan ke moun te kapab idantifye atake e blese anba bal ansyen komisè gouvènman a.i. nan pakè Kwà Dèboukè a jodi samdi 27 fevriye 2021 an.

Daprè Me Edler Guillaume ki se aktyèl komisè gouvènman Kwà Dèboukè a, deklare ke Me Jenty Souvenir te anba gro atak nèg ame nan moman li t’ap pare pou sòti lakay li. Konsa, ansyen subtiti komisè gouvènman Pòtoprens la kit e responsab odisyon ansyen depute Arnel Bélizaire aprè arestasyon li, arive pran yon bal nan kwis goch li nan moman li t’ap fè chanj kout zàm ak bandi yo.

Konsa, machin Me Souvenir te krible anba bal bandi yo ki aprè pran lyann ak machin nan; komisè a ki t’ap bay anpil san te oblije transpòte lopital pou swen nesesè.

Comments are closed.