Pòtopwens/Ensekirite : Primati fèmen pòt li pou koz ensekirite.

1,368

06-26-2022

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Primati, rezidans Premye minis pou ti bout tan an; pase yon dezyèm semèn pòt kadnase, akòz ensekirite kap taye banda.

Aprè bandi te fin atake palè jistis la nan Pòtopwens, plizyè anplwaye bwàt lajistis la dezète; sèt fwasi, se kou pa enstitisyon nimewo 2 egzekitif la, ki donk, la Primati ki oblije fèmen pòt li pou rezon ensekirite.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon Triboland, pèsòn anplwaye pa desann nan Pwimati a. Pou anplwaye kap travay nan seksyon kontabilite yo, yo oblije al konkonmen pil sou pil kò yo, nan lokal Ministè Ekonomi ak Finans yon mannyè pou kapab jere kesyon administrasyon bwat sila, san konte lòt ki adopte tele-travay.

Anpil kesyon ap poze pou konnen,ki kote bagay sa a ap rive? Èske finalman LETA ayisyen ap bay bandi yo genyen?

Antouka! jiskaprezan, Premye Minis “pope twèl” la ki kanpe sou “beat bèbè”, toujou rete “bè kèkè”!

Comments are closed.