Yon Lòt Enspèktè Polis Nasyonal mouri anba bal bandi nan Matisan

190
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens__(TRiboLAND) Enstitisyon PNH la pa sispann ap resevwa lakwa lakay li. Yon lot fwa anko youn nan teknisyen pwoteje e sèvi yo jwenn lanmò li.

Selon yon sous Polis Nasyonal Dayiti, yon lòt enspektè nan Polis Nasyonal la ki rele Jocelyn Jeantélus tonbe lachman anba bal bandi nan katye Matisan yèswa ki te 20 Oktòb 2019.

Selon menm sous PNH la, enspektè-a resevwa yon katouch nan tèt apwè ke yo te atake li nan machenn li ki te genyen 3 lòt moun avè-l tou pwe Teyàt Nasyonal.

Jocelyn Jeantelus te fè pati 6zyèm pwomosyon PNH la, nan lane 1995. Li te
responsab Bwigàd Intèvansyon (BI) nan Komisarya komenn Kafou, nan Omega.

Share:

Leave a reply