Frans/Konferans: Divès òganizasyon feminis ap pare pou boycott vini Sekretè Palè Nasyonal peyi Dayiti a kòm konferansye nan UNESCO.

2,438

Profesè Josué Pierre Louis, se yonn nan envite donè nan Konferans kap gen pou òganize nan nan UNESCO nan dat 28 jwen 2022 a, nan Pari, kapital Lafrans.

Bò kote Camille Kuyu Mwissa, doktè an Dwa, prezidan Konsèy Oryantasyon Enstiti Afrik Mond, pwofesè Josué Pierre Louis, doktè an Dwa, pwofesè inivèsite Deta Dayiti, ap gen pou prezante yon konferans-deba sou tèm “La modernisation du droit haïtien, un défit pour l’avenir”. Evenman pral manniganse nan UNESCO, 31 Ri François Bonvin, Pari 15 èm, nan dat 28 jwen 2022 a,15 h.

Nan kad preparasyon pou Konferans UNESCO a, òganizasyon fanm yo deja kanpe an zo blòd pou bay konferansye Pierre Louis ki se Sekretè Jeneral Palè Nasyonal peyi Dayiti a yon swèlte pou tèt non li ki te site nan zafè drivayèz ak ti lèzanj.

Comments are closed.