PNH fouke prezime asasen Domond Guivard nan moman li tap antre nan kapital la

2,149

06-26-2022

Kafou, Ayiti_____(TRiboLAND) Byen bonè maten dimanch 26 jwen 2022 a, polis nasyonal la nan komin Kafou, mare kou krab prezime asasen Domond Guivard, ki ta touye yon timoun 12 lane ak yon bal nan tèt paske, li tal keyi mango nan jaden li, nan Jakmèl.

Arestasyon sila fèt pandan malfwa a tap tante rantre pòtoprens pou mawonnaj. Se konsa, nan moman yo tap chèche akize a tankou chyen fou, yo arive poze lapat sou li.

Nan moman nap pale la, prezime kriminèl la ki dekri tèt li kòm yon ansyen sòlda ameriken retrete, ap prepare l demen lendi a, pou l al reponn kesyon lajistis. Ke nanm ti nosan 12 lane ki mouri a tounnen yon pongongon nan lavi yon parèy prezime kriminèl.

Comments are closed.