Nòdwès : Lycée Tertullien Guilbaud (LTG) nan Pòdepè ap pwepare pou selebwe 88 lane egzitans li

0 536
Pierre Marc Antoine, Direktè
Lycée Tertullien Guilbaud


23 Fevwiye 2020 sa a, Lycée Tertullien Guilbaud (LTG) ap pare pou fete 88 rekòt li nan fòme sitwayen konpetan, onèt e serye atravè tout peyi Dayiti. Se yon fèt ki toujou gen anpil enpòtans pou LTG ki se youn nan pi gwo Enstitisyon Eskolè atravè peyi a selon estatistik yo. Nan sikonstans sa, TRiboLAND, te gen chans kontre ak Direktè Lise a , Pierre Marc Antoine, ki pral pataje ak kominote TRiboLAND la kèk enfòmasyon konsènan 88 lanne egzitans LTG nan Nòdwès, patilyèman nan Pòdpè



TBLD: Direktè Pierre Marc Antoine,ou kapab prezante w bay odyans TRiboLAND la

PMA: Mwen remèsye w pou yon tèl inisyativ. Pèmèt mwen salwe tout moun ki pral gen chans li konvèsasyon sila a: tankou elèv, ansyen elèv, paran, zanmi, pwofesè san nou pa bliye gran piblik la.

Nou se Me Pierre Marc Antoine, teknisyen nan soudi ak elektrisite, kontab, Nòmalyen (ENI), Avoka. Depi 3 zan, se nan nou Leta plase konfyans li pou dirije LTG kòm Direktè.

TBLD: Ou kapab di nou kilès Tertullien Guilbaud te ye? Di nou nan ki sikonstans li te rive enplante Lise a nan Nòdwès, Vil Pòdpè?

PMA: Lise a se yon lekòl piblik ki pote non yon ansyen Minis Enstriksyon, Pitit Nòdwès. Li te yon powèt, yon ekriven pandan peryòd Lekòl Patryotik nan lanne 1869_1898. Wi non li, se Tertullien Guilbaud. Men se pa li ki te gentan fè travay enplantasyon an. Se nan lane 1932, sou pwezidans Sténio Vincent, yon depite ki refize lajan Pwezidan Sténio te ofri li ,pandan yon dine, te fè demann yon Lise nan Sikonskripsyon li an . Depite saa, vanyan gason sa a, te pote non Archimède Beauvoir. Se konsa, premye responsab Lise a, te rele Ofrane Poux e ki te pase 2 lanne nan tèt Lise a.

Nan meskinri nou, nan basès ak platitid nou, depi 1980 nou pa benefisye pa menm yon 2èm Lise. Nan lane 1980 yo , lè gouvènman Jean Claude Duvalier te gen lide konstwi yon Lise nan Pòdpè, olye otorite Nòdwès yo te mande yon lòt Lise, yo te prefere chanje non l an Michèle Bennett, pwemye dame repiblik la a lepòk. Se konsa tou nan lane 1986, lè Jean Claude Duvalier ki te pouvwa a, menm otorite sa yo, nan rayiszans yo, platitid yo, egoyis yo, te chanje non an yon lòt fwa pou l reprann ansyen non l, Tertullien Guilbaud.


TBLD: 23 Fevwiye 2020, se fèt Lycée Tertullien Guilbaud nan Pòdpè kisa sa di pou ou kòm Direktè?

PMA: Onètman, pi gwo regrè mwen genyen, se lè m te nan Collège Primat de L’esprit, mwen te krent elèv Lise. Sevre se ladan l m te fè klas Filo m. Fòk mwen te la depi 27 lane pou m te kapab chase pè sa a. Ou panse yon ansyen elèv yon kolèj pap vinn travay sou pretèks yo gen pwoblèm ak fonksyònman yon gouvènman ou yon Direktè. LEKÒL se SOSYAL, LEKÒL se LETA; Enstriksyon pa zafè yon gouvènman ni yon moun. Pou m reponn ou, Lycée Tertullien Guilbaud, elas! Fèt sa a ta dwe entèpele konsyans tout anplwaye li yo sitou pifò nan yo se pitit Lise a; men se sèlman yo monte sou do li pou yo avanse. Pou mwen, sa ta dwe yon defoulman, kote nou tout ta dwe reflechi sou avni Lise a; tout moun prefere ap prezante ekskiz pandan yo ap di n ap kanpe lwen pou n gade li.

TBLD: Dat 23 Fevwiye. Sa a pral fè Lycée Tertullien Guilbaud 88 rekòt kafe, kòman ou konte selebwe l avan_ pandan _ apwè?

PMA: Sa kap fèt? Mwen santi m jennen, gwo ansyen Lise saa, Oktojenè, destine l repoze sou zo bwa tèt yon grenn moun . Pou sa m te deside fè, men ak bagay dezòd saa ki vin alamòd la, pito Lise a kontinye travay paske nou pral gen 2 semenn konje (Egzamen Bak Pèmanan ak semenn Kanaval). Sepandan, kòm koutim chak ane, gen yon mès tradisyonèl k ap chante Vandredi 21 Fevwiye 2020 an, bò 8:30 am, nan Katedral Pòdpè a ak yon aktivite Kiltirèl komite Lise a prevwa nan dat Samdi 22 Fevwiye 2020 AN. Pou Dimanch 23 Fevwiye, Direksyon Lise a ap louvwi pòt li pou resevwa zanmi ak ansyen elèv Lise a.

TBLD:
Direktè Pierre Marc Antoine, ou pa nouvo anndan Lise a paske ou te deja okipe plizyè pòs anndan Enstitisyon sa a. Di nou konbyen direktè Lise a konnen avan w ? Lise a fonksyóne an 2 tan (maten / lannwit) di nou konbyen elèv ki loje anndan batiman saa? Èske se yon djòb vrèman fasil pou w dirije yon Gran Enstitisyon tankou Lycée Tertullien Guilbaud?

PMA: Avan mwen, depi 1932 sou Ofrane Poux pou rive Novanm 2016 (François Paderme) , sa fè 18 direktè Lise a konnen. Mwen se 19èm nan; talè pral gen yon 20èm, 21èm…etc. Nan moman nap pale la, Lycée Tertullien Guilbaud, youn nan pi ansyen Lise atravè Repiblik la, gen yon efektif 3000 elèv pou 41 sal klas.

TBLD: Anpil ajan edikatif atravè peyi Dayiti te rekonèt LTG kòm youn nan pi gwo Lise antèm rezilta, pèfòmans e konpetans. Èske jounen jodi a Jan de enfòmasyon sa yo toujou kenbe?

PMA: Kòm pifò lekòl nan Depatman Nòdwès la, nan Pòdepè sitou, pa gen vèti ankò. Men gen yon Pwovèb ki di: ” Ansyen Bon Toujou Bon.” Se konsa lanati toujours mete sou chemen Lise sa a kèk bon elèv menm san akonpanyeman e ki toujou SOVE LONÈ Lise a. Nan 3 semenn ki sot pase la yo, nan mwa Janvye 2020 saa, Gran Mèt yo pa vin travay e se 33% absans Lise a te anrejistre. Sak fè sa? Se mank konsyans, iresponsabilite, etik…etc.

TBLD: Si ou gen yon dènye mesaj pou Lise a, elèv, ansyen elèv, pwofesè, ak Ti pèsonèl la, ki sa li te ka ye konsa?

PMA: Mesaj la senp! Se pou chak moun fè travay li san youn pa bezwen konnen si lòt pa fè pa li a paske Lise sa a se tankou yon epidemi depi ou rive anndan l, ou tou enfekte. Anpil pa vle fè djòb yo. Yo pwezan lè yo vle. Yo pa vin travay sou pretèks y ap pèsekite pwòch yo. Se yo ki konn sa pou yo fè. Okenn moun pa gen dwa raple yo Filozofi Lise a.
Si tout pitit Lise a pa mete men ansanm ansyen tankou nouvo pou derasinen ou dechouke mal sa a, Lycée Tertullien Guibaud, 88 lanne, youn nan Lise ki pi ansyen atravè peyi a, ap fini pa disparèt.

Pa egzanp, lè gen yon mouvman tankou grèv, se pitit Lise a ki pwemye abandone ” ALMA MATER” a. Pandan yap dekouraje lòt pou yo pa mete pye yo, ansuit fè rankount ak Elèv Filo pou kreye deblozay nan Lise a. Men m ka di w se plis etranje ki sonje egzistans Lise a!

Mwen menm, Pierre Marc Antoine, m vle di TRiboLAND! Mèsi, Bon Travay, pou gwo sèvis san rekonpans saa l ap rann pèp Nòdwès la.

Saint Jean Wiskis / TRiboLAND

Leave A Reply