Regwoupman gang “Viv Ansanm” piye lokal EDH epi detwi Santral Elektrik Vare san konte divès lòt materyèl enpòtan.

897

03 – 21 – 2024

Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Zak malonèt nèg ak zam nan Pòtoprens pare pou plonje peyi Dayiti nan yon kadjabonmbe pirèd. Pou pipiti 4 sou estasyon EDH piye nan zòn metwopòlitèn nan, plizyè lò materyèl disparèt, san konte destriksyon Santral Vare, se bilan zak malonèt regwoupman gang sangwen Viv Ansanm, jounen jedi 21 mas 2024 la.

Nan sans sa a responsab sèvis kominikasyon EDH yo, ki tap pote presizyon fè konnen, malfwa yo pote ale, plizyè dokiman nen nan machwè ki te nan biwo yo, plizyè enstalasyon elektrik ak divès kab, plizyè ennvètè ak batri, materyèl enfomatik ak materyèl biwotik, destriksyon Santral Vare, poun site sa yo sèlman.

Nan sans sa a, responsab sèvis kominikasyon EDH yo fè konnen, se ak anpil amètim epi men nan machwè y ap swiv dimansyon zak malonèt gang ame yo ki deja plonje peyi Dayiti nan yon kriz ke li pako janm konnen.

Yon lòt bò, yo fè konnen, gen gwo dout ak laperèz ki deja plane sou tèt pèp la ak avni plizyè komin nan depatman Lwès ak divès lòt depatman nan peyi a, lè yo konsidere peyi Dayiti ki pral tonbe nan yon kriz gaz an pèmanans.

Comments are closed.