Fòs lòd yo mete anba kòd pwezime chèf gang 400 Mawozo, Wilson Joseph alyas ‘Lanmò San Jou”

0 412

Pòtopwens___(TRiboLAND) Gwo lidè pwezime chèf gang “400 Mawozo”, Wilson Joseph alyas “Lanmò San Jou” mare kon grab anba men ajan polis nasyonal yo.

Nan yon operasyon sovaj bò kote PNH la, pwezime chèf gang Kwa Dèboukè a pran yon bal nan echanj ak fòs lòd yo; konsa, li te kouri pran refij nan yon sant sante e se la li jwenn arestasyon li.

Nap raple operasyon muskle sa te kouvri tout zònn Ganthier avèk Kwa Dèboukè. Li fèt nan yon moman kote ke otorite Repiblik Dominikènn yo pa sispann fè pwesyon sou gouvènman ayisyen an yon fason pou chèche e tradwi lajistis lotè krim chofè dominiken an, Ysmael López Morales ki te mouri anba bal gwoup gang “400 Mawoza” nan zònn Malpas.

Leave A Reply