Dràm : Yon demi douzèn sitwayen ta masakre nan komin Kwadèboukè

2,158

08-20-2022

Kwadèboukè, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon masak sanglan voye nan letèni plis pase yon demi douzèn moun jodi samdi maten 20 dawou a nan Kwàdèboukè toupre site Doudoune ki toupre pon komin Taba a.

Selon yon sous jounalistik, kèk nan viktim yo ki genyen afilyasyon leglis advantis te pran taksi moto sou wout ki mennen nan direksyon fyèf bandi ame toupre site Doudoune. Genyen apeprè 8 moun ki ta mouri, e 5 ladan yo arive krible anba bal e kalsine nan yon machin.

Mesye Sondjie Desanclos ki se yon diplome nan fakilte dwà ak syans ekonomik nan Inivèsite Dayiti mouri ansanm ak manman li e Ti sè li ki rele Saradjie; yo tout ta sanble manm legliz advantis ki rele Ròk Solid.

Comments are closed.