Pòdpè : Jackson Joseph fè vant Siyati Liv “L’enfer au paradis” li a

1,122

06-26-2022

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Jan sa te anonse pou yè samdi 25 jen 2022 a, nan Inivèsite Valparezo nan vil Pòdpè, Jackson Joseph prosede ak vant siyati liv li a ki gen pou tit “L’enfer au paradis”.

Plizyè 10 zèn moun te reponn prezan nan yon parèy aktivite “savoir”. Deplasman yo te vize apresye travay otè Joseph e fasilite plèn reyisit total evenman an. “L’enfer au paradis” se yon dokiman ki depikte sitiyasyon nefas aktyèl peyia ak pèp ayisyen an. Li re-mete ankesyon batay san mèsi pou pouvwa anndan peyia, ak rèv jenès la ke fòs fè nwa yo detwi.

Otè a mete anfaz sou iresponsablite yon goup moun ak kilpabilite yon lòt goup nan sitiyasyon peyia kap deteryore chak jou ki jou, pandan li lanse apèl pou yon efò konsète anba slogan : “Ansanm Nou fò” pandan nap konvèti enèji yo an sinèji pou chanjman paradim pou yon Ayiti tou nèf.



Comments are closed.