Egzamen 9èm AF : yon premye jounen ki reyisi nan Vil Pòdpè sou sipèvizyon otorite yo

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Lendi 30 jen 2025, egzamen ofisyèl 9èm Ane Fondamantal lan te kòmanse sou tout teritwa Nòdwès la ak yon jounen ki pase san okenn gwo ensidan, daprè sa otorite yo fè konnen. Direktè Depatmantal Edikasyon Nòdwès la, Profèsè Levoyant François, Delege Depatmantal la Rock Exceus ak Kòmisè Gouvènman an, te fè yon vizit nan plizyè sant egzamen nan vil Pòdpè pou sipèvize ak ankouraje bon jan aplikasyon mezi ki pran pou garanti kredibilite ak sekirite egzamen an.
Pou ane sa, soti 30 jen pou rive 3 jiyè 2025, 10 911 kandida ap patisipe nan egzamen 9èm AF lan sou tout depatman Nòdwès la. Yo regroupe nan 522 sal egzamen, ak sipèvizyon dirèk plizyè responsab lekòl, pèsonèl administratif ak sekirite. Daprè Direktè Depatmantal la, premye jounen egzamen an te kòmanse a 9è nan maten, e li dewoule nan lapè, disiplin ak respè regleman egzamen yo.
DDNO/MENFP lan pwofite remèsye tout aktè ki mete men pou asire bon jan òganizasyon egzamen an: Polis Nasyonal la pou sekirite, Pakè a pou sipò legal ak Delegasyon Depatmantal la pou kowòdinasyon. Premye jounen sa make yon demaraj ki ankourajan pou rès egzamen yo, epi otorite yo di yo rete mobilize pou garanti bon jan kalite ak transparans pandan tout peryòd egzamen an.






