Premye jounen egzamen 9è ane fondamental la byen reyisi nan Site Kapwa Lamò a

07 – 22 – 2024
Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Premye jounen egzamen 9è ane fondamental yo byen reyisi san gwo pètibasyon jodi lendi 22 jiyè 2024 la nan vil Pòdpè ak tout zòn ki anvironen-l yo.
Elèv yo te konpoz pou premye jou a nan Kominikasyon fransèz ak Syans eksperimantal. Direksyon depatmantal la ki gen nan tèt li Eddy Max Augustin, nan tèt kole ak tout kolaboratè direksyon depatmantal edikasyon Nòdwès yo te mete tout dispozitif yo an plas pou pèmèt bon dewoulman egzamen yo.
Daprè divès elèv ki te patisipe nan egzamen yo, sa pat pi mal ke sa. Elèv yo poze pwoblèm tibilans politik ki koz yo pa vrèman ka boukle ane eskolè yo byen depi plizyè ane, yon sitiyasyon ki koz anpil fwa yo pa wè menm mwatye nan pwogram lan.






