Senlwidinò : Yon gro rankont fèt ant lamèri ak polis minisipal nan kad yon plan estratejik pou sekirite.

1,096

06-26-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Yon rankont òganize nan mèri Senlwidinò a vandredi 24 jwen 2022 a sou problèm ensekirite a.

Objektif yon parèy chita tande, se drese yon plan estratejik pou reponn ak problèm ensekirite a nan komin nan. Se konsa, responsab yo planifye sou mwayen ak estrateji adekwàt ki dwe pran pou pwoteje komin nan kont tout malfektè ki ta soti pou poze aksyon malonèt nan mitan popilasyon an.

Desizyon sa yo pran yon fason pou pwoteje popilasyon an kont atak klandesten yo ak aksyon malfwa yo.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.