Manman fanm lidè EDE a, Stéphanie Mondestin pran minòt nan ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture

1,046

11-23-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Stéphanie Mondestin, ansyèn direktris jeneral annaprè ONA, ki se egalman manman fanm ki genyen  plizyè pitit pou lidè pati politik EDE a, Claude Joseph jwenn arestasyon li maten jodi jedi 23 novanm 2023 a nan ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture.

Antouka, manman fanm ansyen PM PHTK a, ki ta sanble te deja genyen yon konvokasyon legal nan Pakè Pòtopwens pou lendi 27 novanm 2023 a, ta sanble tap fè mannèv pou chape poul li kouri kite peyi a.

Konsa, fòs lòd yo fouke Stéphanie Mondestin sou akizasyon reselè rizyèz ou fasilite krim ak asosyasyon malfektèta pral jwen ak zo grann li nan ayewopò kapital Pòtopwens la.

Comments are closed.