Kap-Ayisyen se sèl syèj pou akeyi match play-offs chanpyona nasyonal espesyal la

806


05 – 02 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti ____(TRiboLAND) Dimanch ki sot pase a, seri regilye chanpyona Nasyonal espesyal ki òganize nan peyi Dayiti a fini. 6 Ekip ki rete yo pral gen pou jwe play-offs la Kap-Ayisyen, aprè chita pale ki fèt jounen mèkredi premye me 2024 la.

Real Hope FA, Wanament FC, Cosmopolites SC, Baltimore SC, America ak Cavaly AS se 6 Ekip ki gen randevou pou faz final konpetisyon an.


Chanpyona Nasyonal la òganize nan yon kad restren ane a, aprè plizyè tan kanpe akoz pwoblèm ensekirite a, te oblije responsab federasyon Ayisyèn Foutbòl la antre nan fòma sa yon fason pou pat resevwa gwo sanksyon FIFA.

Responsab yo chwazi dezyèm vil peyia pou seri play-off la, pou rezoud yon seri pwoblèm yo ta ka rankontre sou wout yo, ak pou pèmèt yon pi bon òganizasyon.

Comments are closed.