8 prezime bandi fè vrèl pou peyi san chapo nan yon kokennchenn operasyon Lapolis mennen nan zòn Kwadèboukè

240
0
Share:
TRiboLAND

08-11-2023


Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon operasyon Lapolis mennen nan katye Onavil, zòn Kwadèboukè, 8 prezime bandi tonbe nan boukantaj kout zam ak Lapolis jedi 10 dawout 2023. Nan Kad operasyon sila, lapolis sezi yon fizi daso AR-15, 4 chajè ak yon latriye katouch diferan kalib.

Pami prezime bandi sa yo kap teworize popilasyon an depi yon bon bout tan, genyen: Zo Manno (yon bwa dwat chèf gang Kanaran), Jeff, Yvio, Jerry, ak Fòkè yon manm enfliyan. Operasyon sila reyisi gras ak mobilizasyon ajan UDMO Lwès 2 yo, seksyon anjen lou PNH pou bouche tout twou bandi yo te fouye.

Lapolis bay garanti, yap pouswiv operasyon sa yo ki konnen sou non deniche bandi sangwen nan komin Kwadèboukè.

Share:

Leave a reply