Ensekirite : Bandi pèsòn pa rive idantifye krible anba bal yon patizan lidè #1 Fanmi Lavalas la.

1,406

06-26-2022

Bandi pèsòn pa rive idantifye touye ak bal, yon militan politik Fanmi Lavalas ki pote non, Garry Philemon.

Zak malonèt sa a pase devan baryè lakay militan an, aprè li te fin patisipe nan mouvman manifestasyon jounen dimanch 26 jwen 2022 a, yon mannyè pou te pote soutyen ak ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide.

Nap raplew Garry Philemon, se yon n nan ansyen prizonye politik kite nan prizon ansanm ak ansyen depite Arnel Belizaire.

Comments are closed.