Fanatik Foot-ball nan komin Tigwav move kou kong akòz yo pa jwen kouran pou yo gade ekip yo, nan okazyon Mondyal koupdimond Qatar 2022 a.

1,036

12-05-2022

Tigwav,Ayiti ___(TRiboLAND) Fanatik Foot-ball yo nan komin Tigwav, nan yon entèvyou ak TRiboLAND nan okazyon Match Frans – Polòyn la, maten dimanch 4 desanm 2022 a, denonse chèf gouvènman defakto Ariel Henry a, yo di ki pa fasilite yo jwen kouran elektrik pou yo gade ekip yo pandan Mondyal Qatar 2022 a.

Tifozi Foot-ball yo, ki move kou kong akòz yo pa jwen kouran, yo oblije ap mache nan tout la ri kon chyen fou yon fason pou yo jwen ti espas kote ki genyen enèji pou chofe ekip yo sitou nan moman Brezil, Ajantin, Frans, Almayn ak Lespayn ap jwe e mete plezi atè. 

Fanatik Foot-ball ki kritike gouvènman defakto Ariel Henry a, yo di ki paka bayo manje, yo nan mizè tout kalite, ensekirite, kidnapping ak blackout elatriye, malgré tout problèm sa yo, gouvènman sankoutya, kriminèl, kòwonpi a pa mènm  kapab fasilite yo jwen yon ti enèji pou yo distrè yo nan bèl fèt boul sila a.

Tifozi yo, ki di yo menase bloke wout Gran Sid la si toutfwa gouvènman kòwonpi a, pa fasilite yo jwen kouran prese-prese pou yo fin gade rès Koupdimond Katar 2022 a.

JOICY Arnold

Comments are closed.