Wozo : Popilasyon an poze lapat sou yon bandi e remèt li bay lapolis

863

Wozo, Ayiti____(TRiboLAND) Popilasyon Pouslen, dezyèm seksyon komin Wozo mete la pat sou Jean Friznel Michel ki genyen yon tinon “Killy”, ki te deja genye gwo akizasyon malfektè ak zak asasinay ki pandye sou li.

Yo lonje dwèt jouda sou Killy, deske li ta patisipe aktivman nan asasinay yon polisye nan Mache Maryani a, nan lane 2022. Popilasyon Wozo a ki toujou genyen yon konpòtman zewo tolerans nan pweskri bandi “Bwa Kale”, fwa sa Papa Bondye te pase nan tèt yo, e yo te oblije remèt lapopo pwezime bandi sangwen an.

Comments are closed.