Yon nouvèl asosyasyon pwan nesans nan pawas Notredam Monkamèl

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Asosyasyon Byenfè se yon estrikti tou nèf kire pawas Notredam Monkamèl, nan Fon Wouj Dayè, 8èm seksyon kominal komin Jeremi, pè Feuille Barthélémy mete kanpe pou avansman seksyon an nan kesyon devlopman dirab.
Antite sila pral fokis plis sou tankou èd ekonomik, konstri bonjan lekòl, lopital, mache piblik, adiksyon dlo potab, wout agrikòl, e konstriksyon legliz la, ki se objektif pwensipal yon pwoje lidè legliz katolik nan pawas Notredam Monkamèl anvizaje.
Daprè Prezidan Asosyasyon Byenfè yo, li pa lojik pou se sèl asosyasyon malfèktè ki genyen nan peyi a, pèp ayisyen ,legliz lan dwe òganize ak sosyete a sou ang sa a! Pou pè Feuille Barthélémy, se yon maryaj ki kapab bon pou peyi a sou tout fòm. Konsa, li ankouraje tout sèktè nan fòs viv nasyon ayisyènn lan, rejwenn Asosyasyon Byenfè a, ki vize chanjman total kapital.






