Lapolis nan komisarya Tigwav demantle epi mete anba kòd, 4 jèn gason ki nan yon rezo kap kase kay moun nan vil la.

164
0
Share:
TRiboLAND

05 – 14 – 2026

Tigwav, Ayiti _____ (TRiboLAND) Otorite polisyè yo nan Tigwav, mare kou krab 4 jèn gason ki nan yon rezo ka’p kase kay moun nan popilasyon tigwavyèn nan, sa pase nan lannwit lendi 11 me 2026 lan.

Daprè komisè polis la, Herard Joseph, 4 jèn gason sa yo, espesyalize yo nan kase kay, brakaj, fouye moun lan nwit elatriye…Chèf lapolis la nan komin Tigwav, esplike se chak jou l’ap resevwa plent kont malfwa sa yo kap fè zak malonèt nan site souloukwaz la. Responsab enstitisyon polis la, ki presize yo te deja genyen alèt sou mesye sa yo li di kab kreye pètibasyon nan mitan popilasyon an.

Nap fè remake, pou kounye a, 4 jèn gason sa yo ap reflechi dèyè do 4 miray annatandan y’al reponn kesyon lajistis nan jiridiksyon Tigwav pou zak yo repwoche yo.

Share:

Leave a reply