Bandi ame jis nan dan kase e antre libere pwizonye nan pi gwo sant kaseral peyi Dayiti

621

03 – 02 – 2024

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Jan gang yo tap ekspoze plan atak yo sou kont pi gwo sant kaseral peyi Dayiti sou rezo sosyàl yo, ebyen enfòmasyon yo konfime penetrasyon bandi ame yo anndan Penitansye Nasyonal aswè jodi samdi 2 mas la nan pòtopwens.

Selon “remen wè” ak “sous medyatik”, bandi yo materialize yon plan ki tap sikile pandan tout jounen jodi samdi a atravè monn lan. Dwòn te parachite sou tèt sant kaseral la, alòske plan operasyonèl bandi yo tap egzekite nan pwèske san rezistans nan diferan zònn estratejik, ki ta sanble devye ou neutralize kapasite repondong Lapolis la ak blende yo.

Enfòmasyon yo kontinye pou di, ke yon bon valè pwizonye gang ta deja evade, alòske plizyè blese anrejistre dapwè kèk sous medyatik nan kapital la. Rimè ta menm fè kwè genyen kèk gwo potorik pwizonye politisyen notwà ki ta mouri nan moman atak la; yon enfo ki poko ka konfime!

Comments are closed.