Edikasyon : Ekzanmen 9èm ane fondamantal yo demare nan distri Senlwinòdinò ak Ansafolè

3,000

06-20-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Premye jounen ekzamen elèv 9èm ane fondamantal yo dewoule nan distri Senlwidinò ak Ansafolè san twò gwo difikilte jodi lendi 20 jwen 2022 an. Daprè deklarasyon enspektè Dieusseul ak René Pubien, genyen 1867 kandida kap sibi eprèv 9èm ane fondamantal yo. Kandida yo epapiye nan 4 zòn relatif ki divize an 10 sant pou tout distri a.

Elèv yo gen pou konpoze nan 7 matyè sa yo : fransè, kreyòl, syans sosyal, syans eksperimantal, anglè, espanyòl ak matematik.

Konsa, ekzamen yo demare ofisyèlman jodi lendi 20 jwen e yo ap bout mèkredi 23 jwen; yo ap dire yon peryòd 3 jou, jan ministè a te prevwal la. Kanta pou elèv ki sot patisipe nan ekzamen fransè a konfime ke yon byen konpoze e yo swete pou tout lòt ekzamen yo reponn egalman ak konpetans yo.

Pierrilien Nicol Colly, TRiboLAND

Comments are closed.