Nòdwès : Heifer International Haiti fouye bay moun Lakoma e Kabarè yon lak koulinè.

1,539

06-20-2022

Lakoma e Kabarè, Ayiti____(TRiboLAND) Gras avèk konkou Heifer International Haiti, yon lak Koulinè ki pote non Vèje arive pran nesans, dapwè deklarasyon divès abitan kap viv nan zòn Ba Nòdwès.

Pou abitan sa yo, se yon veritab revirman inovatif, patikilyèman pou rezidan 1e seksyon Lakoma e Kabarè, lokalite nan Lyenn, nan Davilma; se yonn nan pi gwo byen Heifer International Haiti te ka bay nan zòn sila yo, daprè temwanyàj benefisyè yo.

Gràs ak patrimwàn sa a, abitan yo nan lokalite a pral rale yon souf non sèlman kont fenomèn sechrès la ki pat janm sispann touye zannimo yo, men tou nan ranfòse prodiksyon pisikilti, se yon fòtin bab e moustache!

Genson Hyppolite, TRiboLAND

Comments are closed.