Pwofesè ki nan pwogram SUPGO yo, fèmen tout pot direksyon depatmantal biwo ministè edikasyon nasyonal Grandans.

829

02 – 21- 2024

Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Yon gwoup Pwofesè ki nan pwogram eskolarizasyon inivèsèl gratis ak obligatwa ( SUPGO), fèmen pot biwo direksyon depatmantal ministè edikasyon nasyonal Grandans lan, ki nan konplex administratif lan sou wout Bòd lan.

Selon temwayaj divès moun nan mikro TRiboLAND rapote, majorite nan pwofesè pwogram SUPGO a, pa janm.mete pwent pye yo nan okenn etablisman eskolè pou travay ak timoun yo, pou lajan yap reklame.

Nap raple, pwogram eskolarizasyon SUPGO sila, pwan nesans sou administrasyon pwezidan Joseph Michel Martlely a; sete depite eskanmòtè, majistra dwèt long, kazek reselè, senatè atoufè ak politsyen sangwen pwòch rejim lan, ki te mete moun san gade dèyè pou gagote ak piye nan pwogram nan.

Comments are closed.