Yon trentèn etidyan nan lekòl dwa Pòdpe a, prete sèman kòm fonde de pouvwa

269
0
Share:
TRiboLAND

01/12/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Jodi lendi 12 janvye 2026 lan, Tribinal Lapè Pòdpè a òganize yon seremoni prestasyon sèman pou anviwon trant (30) etidyan ki soti nan Lekòl Dwa ak Syans Ekonomik Pòdpè a (EDEPP). Seremoni sa a te fèt anba direksyon jij titilè Tribinal Lapè Pòdpè a, Majistra Yonel Obsaint, sou lòd Komisè Gouvènman Pakè Pòdpe a, Me Jeïr Pierre. Etidyan sa yo prete sèman kòm fonde pouvwa.

Atravè etap sa a, etidyan yo antre ofisyèlman nan yon faz pratik nan fòmasyon yo, sa ki pèmèt yo pi byen konprann fonksyònman lajistis la sou teren an. Lè yo fin prete sèman, nouvo fonde pouvwa yo pran angajman pou yo respekte lwa peyi a, etik pwofesyonèl, epi travay ak onètete, enpasyalite ak responsablite nan egzekisyon fonksyon yo.

Daprè responsab jidisyè yo, inisyativ sa a montre kolaborasyon ki egziste ant Inivèsite Leta d Ayiti (UEH), atravè EDEPP, ak sistèm jidisyè a nan depatman Nòdwès la. Li se yon pa enpòtan nan preparasyon yon nouvo jenerasyon pwofesyonèl Dwa ki kapab sèvi lajistis ak popilasyon an nan respè prensip lalwa ak dwa sitwayen yo.

Share:

Leave a reply