Pòdpè / Edikasyon : Premye jou egzamen 9èm AF pou ane akademik 2021-2022 a òganize san problèm

2,283

Lendi 20 jen 2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Jan sa te prevwa nan kalandriye Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Profesyonèl (MENFP), egzamen 9è ane yo ki tap fèt soti 20 pou rive 22 jwen 2022 a, kòmanse jodi lendi 20 jwen an. Plizyè santèn elèv, fanm tankou gason pran direksyon syèj egzamen yo, pou al sibi eprèv yo, jan sa mansyone nan orè a:

Lendi 20 jen : Kominikasyon Fransèz, 9è:00 – 11è: 30 nan maten
Syans Eksperimantal, 1è – 2è 30

Madi 21 : Kominikasyon Kreyòl, 8è – 10è
Syans Sosyal, 11è – 1è
Anglè, 2è – 4è

Mèkredi 22: Matematik, 8è – 10è
Espanyòl, 12è 30 – 2è 30.

Nan kad pasaj nou nan divès syèj, egzamen yo fèt nan yon anviwonnman pezib. Ou jwenn responsab syèj la, divès sekretè, yon siveyan pou chak sal ak prezans 2 polisye. Lise Tètilyen Gilbo, ki se youn nan gwo syèj ki genyen, selon responsab la, M Jean Ernest Joseph, genyen: 16 sal, nan chak sal yo gen 26 kandida. Nan ka espesyal ou kapab jwenn 33 kandida, ki bay yon total de 449 kandida. Genyen 400 ki prezan e genyen 16 ki absan, toujou selon responsab la, genyen 18 siveyan, 4 sipèvizè ak li menm responsab syèj sila.

Yon jounen ki sanse reyisi daprè responsab la, paske timoun yo reponn ak ansanm prensip ki etabli yo, e yo konpoze san presyon. Daprè plizyè elèv ki soti nan plizyè lekòl diferan, pou yo menm yo te byen evalye nan Kominikasyon Fransèz la; sa pat pi mal nan Syans Eksperimantal la, yo swete pou tout rès egzamen fini konsa.

Hodney Fanuance, TRiboLAND

Comments are closed.