Operasyon balewouze nan Pènye: senk dwonn kamikaz ta fè group gang Kraze Baryè vole gagè

Pènye, Ayiti_____(TRiboLAND) Pènye cho tankou vè lanp, anba yon ofansif manman penba ke chèf lòd yo lanse nan Pènye ak Tòsèl, zòn ki sou kontwòl chèf gang sangwen teworis, Vitelhomme Innocent. Enfòmasyon yo fè konnen, ke se depi maten douvanjou, jodi jedi 22 me 2025 lan, anpil rafal kout zam tap chante san rete, e ki lage gwo latwoublay ak kè sere nan mitan popilasyon.
Ofansif tranble janm ke otorite PNH yo lanse kont gro chèf gang Kraze Baryè a, tete fasilite itilizasyon plizyè dwonn kamikaz ki te arive ap fè legetè ak pawezaj sou plizyè kay bandi teworis yo te abitye bwase. Antouka, se yon veritab sènay ki okazyone divès zòn antòtye ak paralize.
Kidonk, bwigadye nan diferan kontre, melanje ak chèf lòd yo te tounen pwason kraze nan bouyon pou anpeche teworis yo chape pou’l yo. Nan dènye jou sila yo, teworis yo jwen ak bouchon yo nan divès basyon operasyonèl. Bwavo lapopo, ki nan jou sila yo, mete bonjan kichòy nan men malandren teworis ki pa sispann bwè san popilasyon ayisyèn nan.
Kèk enfo kap soti anndan lokalite Pènye ak Tòsèl ta vle fè kwè ke ekip teworis pat kapab reziste anba atak fòs lòd yo; konsa, anpil nan yo kraze rak, alòske plizyè nan dwonn yo vide mete atè kay bandi alatèt la, ki ta sanble pa gaya depi yon bon bout tan. Antouka, Viteilhomme ansèkle ragagann anba vizit inite espesyalite yo nan Pènye; sepandan bilan yo ta sanble toujou nan pasaj, jan sa abitye fèt.






