Pòdpè / Ensekirite: Administrasyon Inivèsite Valparezo a, anile konferans Dr Claude Joseph la pou rezon sekirite

0 1,969

Dimanch 19 jen 2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi plis pase yon mwa, te gen afich promosyonèl ki tap sikile pou gwo konferans sou “Oryantasyon Profesyonèl”, ki tap gen kòm konferansye: Ansyen Premye Minis a.i ou Minis Afè Lòt Bò Dlo, Dr Claude Joseph, Avelt Fils Aime ak Dr Omega Chery, nan Inivèsite Valparezo a jodi dimanch 19 jen 2022 a nan site Kapwà Lamò a.

Yon aktivite ki vin an difikilte pa rapò ak lobedyans politik ki makònnen ak li. Depi vendredi 17 jwen, Dr Claude Joseph ak ekip li sou plas nan vil Pòdpè; akèy bò kote popilasyon an parèt trè asidik e rezève e pa amikal. Sen patizan ansyen Prezidan Jovenel Moise yo pa kache mekontantman yo avèk prezans yon Claude Joseph ki chak jou ki jou ap distance li de Martine Moise. Anpil boude, fache ki ta menm vle mete andifikilte ansyen PM nan, nan site Kapwa Lamò a.

Sa vin koz genyen gwo enkyetid bò kote dirijan Inivèsite Valparezo yo, ki tap resevwa menas e menm gen kawotchou ki tap boule devan espas la, byen bonè maten an. Swit ak tout laperèz sa yo, ak pou proteje espas la, Administrasyon Inivèsite a, atravè yon nòt pou Laprès, anile aktivite sila pou rezon sekirite. Yon anbyans ki te konte pran chè jodia dimanch 19 jwen 2022 a, vè 3zè nan aprèmidi.



Leave A Reply