Direksyon polis nasyonal la nan Nòdwès menase pou entèpele ajan Lameri yo nan komin Pòdpè

1249
1
Share:
TRiboLAND

01 – 11 – 2025

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon kominike tranble jarèt ke li mete deyò, direksyon polis depatman Nòdwès la deklare ke enstitisyon PNH la riske pran gòl ak men fas resanblans marasa ki genyen ant inifòm ajan minisipal yo ak sa enstitisyon polis la ap itilize. Se yon veritab konfisyon, ki kapab konpwomèt entegrite yon seri operasyon nan rejyon an.

Responsab polis depatmantal Nòdwès la ale pi lwen pou deklare ke yon parèy similitid reprezante yon pwoblèm serye pou sekirite piblik; konsa, yo lanse yon avètisman klè kon klewòz bay otorite minisipal yo nan site Kapwà Lamò a, pou pwosede ak yon modofikasyon prese prese nan inifòm ajan yo. Nenpòt ki ajan minisipal ki pa konfòme yo ak yon parèy direktiv, ap sibi pènn arestasyon e refere bay lajistis pou usipasyon.

Nan kad pou ranfòse plan sekirite Nòdwès peyi a, direksyon PNH la nan depatman rekonfime volonte li pou dote rejyon an yon trankilite piblik ki djanm ak yon sekirite ki pa danse kole ak reselè ak kreye konfizyon.

Nap raple, inifòm konfizyon sila, te entwodwi anba inisyativ majistra konteste ou deplorab komin Pòdpè a, Josué Alusma, ki pwèske yon ane ap viv andeyò komin an mòd remòt kontwòl.

Share:

1 comment

  1. tlover tonet 14 January, 2025 at 22:35 Reply

    I keep listening to the news bulletin speak about receiving boundless online grant applications so I have been looking around for the best site to get one. Could you tell me please, where could i acquire some?

Leave a reply