Pòdpè : Endividi pèsòn pa rive idantifye vandalize pou yon lòt fwa ankò nouvo lokal EDH Lasalin nan.

277
0
Share:
TRiboLAND

 

08 – 28 – 2024

Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Endividi pèsòn pa rive idantifye vandalize pou yon lòt fwa ankò nouvo lokal EDH nan Lasalin, 3e seksyon Polen / Lakòn, komin Pòdpè nan depatman Nòdwès peyi Dayiti.

Dapwè enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, endividi sa yo rive bwote plizyè lo materyèl enpòtan nan espas la epi vire do yo san pwoblèm.

Malgre konsta jij Depè Mèt Maxime Dumagène nan espas la, sa pa anpeche jis jounen jodi a responsab yo pa ko bay okenn enfòmasyon ofisyèl sou sak pase a. Mete sou kantite batri, fil elektrik, kab, transfòmatè, poun site sa yo sèlman yo te vòlò pèsòn pa janm di anyen sou zak malonèt sa yo.

Li enpòtan pou konnen, se pa premyè fwa eskanmòtè yo monte gwo fim sa yo nan nouvo lokal EDH Jovenel Moïse te konstwi a nan Lasalin; yon izin politichyen sangwen ki akapare Leta voye jete nan yon kwen.

Share:

Leave a reply