Soup Monfò 1er Janvye : Yon Aksyon Solidarite pou Make Endepandans Ayiti

12/24/2025
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Komite Lokal Pilotaj Monfò (CLP), nan tèt kole ak òganizasyon Inyon Tèt Ansanm pou Devlope Pòdpe (ITDP), anonse lansman premyè edisyon “Soup Monfò”, ki pral fèt premye janvye 2026 kap vini la, sou plas Monfò a.
Nan kad selebrasyon fèt Endepandans peyi a, ki se yon dat sakre nan listwa pèp ayisyen an, CLP ak ITDP pran inisyativ sa a pou kenbe plas Monfò a vivan, epi kontinye ankouraje aktivite kominotè aprè tout efò ak enèji yo te depanse pou reyalize l.
Pou okazyon sa a, òganizatè yo prevwa prepare soup joumou dirèkteman sou plas la, pou distribye li gratis bay moun ki vin patisipe, san okenn diskriminasyon. Inisyativ sa a vize sitou fanmi ak sitwayen ki pa gen mwayen pou prepare soup lakay yo, pou pèmèt tout moun santi yo enplike nan selebrasyon endepandans nasyonal la.
“Soup Monfò” pa sèlman yon aktivite manje, men li se yon jès solidarite, pataj ak inite, ki raple nou valè sakrifis zansèt yo ak enpòtans viv ansanm kòm yon sèl pèp. CLP ak ITDP lanse apèl bay tout kominote a pou vin patisipe, sipòte, epi bay inisyativ sa a tout anplasman li merite nan tradisyon premye janvye a.






