Nòdès-Wanament : Dyalòg ant Sendika e patron yo nan tèt kole ak Betterwork-Ayiti nan Kodevi.

2,761

06-01-2022

Kòdonatè e sekretè jeneral SOGNH a, Julmice Israel & Bicinthe Mikenson ki te nan nannan dyalòg ant responsab Betterwork-Ayiti ak sendika yo eksprime satisfaksyon yo.

Wanament, Ayiti____(TRiboLAND) Se an prezans divès responsab nan Ministè Afè Sosyal ak Travay; pami yo Direktè afè jiridik la, Minis Aafè sosyal ak Travay la, direktè Afè Sosyal la, direktè Ministè Komès Nòdès la, ak diferan reprezantan faktori nan Kodevi san konte prezidan Capellán ki te la tou. Te genyen divès lòt manm sendika Sokowa, SOGNH pou n site sa yo sèlman .

Kòdonatè jeneral SOGNH la, Julmice Israel pat kache kontantman li de yon parèy rankont ki ta sanble trè prodiktif. Li menm fè konnen sa ta dwe fèt deja. Bo kote pal li mande pou kapab gen amelyorasyon nan travay la paske gen moun ki nan travay la ki paka itil yo anyen. Kòdonatè a ki te mete aksan sou moun kap travay lannwit yo ki pa gen moun ki ta pran swen yo si ta gen yon problèm pandan lannwit lan. Li mande responsab yo kreye yon anvironnman yon fason pou fasilite moun kap travay la aprann yon metye profesyonèl ki kapab pèmèt li viv si tout fwa li pata anvi rete nan faktori a ankò.

Se Avèk anpil difikilte pou moun ki bezwen travay entegre sistèm nan . Boule solèy, Grangou chak jou pa gen okenn miz an plas pou sa . Jèn fi pa janm sispann sibi abi seksyèl pou chèche travay. Li tou pwofite fè kèk rekòmandasyon:

1- yon travay desan, sa vle di moun yo jwnn yon salè rezonab
2 – respèt pou sendikalis yo etanke reprezantan ouvrye yo.
3- Aba travay fose, sa vle di yon sel moun kap fè plizye travay an menm tan pou yon salè ki paka menm reponn a bezwen l.
4- Nou mande pou patwon respekte e aplike Konvansyon yo tankou jan nou t pale nan konferans la
5- Nou mande pou patwon yo respekte libète sendikalis yo .

Se Avèk anpil difikilte pou moun ki bezwen travay entegre sistèm nan; boule solèy, grangou chak jou pa gen okenn miz an plas pou sa. Jèn fi pa janm sispann sibi abi seksyèl pou chèche travay.

Nap fè siyale Pak endistriyèl Kodevi chita kò l nan Wanament sou fontyè a.

Jn simon Manex, TRiboLAND

Comments are closed.