Gwo konfwontasyon ant lapolis ak gwoup gang kreye gwo tansyon ak tranble janm nan Kwà Dèboukè

2,161

09/18/2021

Kwà Dèboukè______(TRiboLAND) Depi yè vandredi a plizyè inite espesyalize PNH la ap twoke kòn yo ak gwoup sangwen 400 Mawozo ki gen nan tèt li sangwen “Lamò san jou” nan komin Kwà Dèboukè.

Anpil gwo detonasyon kout zàm manman penba te kontinye bay lawouli tout jounen samdi 18 septanm 2021; konsa, anpil panik tranble janm okazyone divès ri nan komin nan blanch kon koton e bagay ki rele sikilasyon an se pwèske nan dòmi moun swete wè sa.

Nap raple objektif ofansiv ajan PNH yo chita plis nan mete fwen nan dènye fwekansite bandi yo arive poze nan dènye jou sa yo, kote ke yap fè resèt e fè popilasyon an peye taks.

Comments are closed.