WADLY MITTON FÈ KONNEN LI PA GENYEN OKENN ESKIZ PIBLIK LI PWAL FÈ SOU DEKLARASYON LI TEFÈ KONT ANSYEN SENATÈ DEPATMAN LATIBONIT LAN YOURI LATORTUE

2,782

Dimanch 19 jwen 2022

Aprè kabinè avoka ansyen kòdonatè jeneral pati politik AAA a, Youri Latortue fin voye yon somasyon bay Wadly Mitton yon fason poul fè yon eskiz piblik sou deklarasyon li te fè 22 avril 2022 a sou ansyen senatè latibonit lan reyalize yon live pou pote kèk presizyon:

“Si genyen yon plent ki ap depoze, se depoze l kont Enock Génélus ki te konn trete Youri kòm dilè dwòg, moun kap ame gang nan Raboto, e kite fè wout krochi ak lajan fon dijans Gonayiv la; se lè sa map wè nap fè yon bagay serye”.

“Sam di yo se verite, mwen kanpe deyè yo, touye pou nou touyem! Youri te dwe depoze plent kont Winter- Étienne, Jhon Billy, Aboulò, Benndjy ak Meyer li te founi zàm nan Raboto e ki jodia kite Raboto ka l mete baz yo Lakwà Peris. Après a, li transfere Gwomòn ki al fè kidnapping ak menm zàm sa yo. Se reyèlman kont moun sa yo Youri te depoze plent”. Wadly Mitton deklare ke li pap pran nan entimidasyon, mwen prè poum ale devan Lajistis, se pawòl militan Wadly Mitton.

Nap raple sa genyen yon bon ti bout tan, depi Wadly ap kritike Youri Latortue, se yon dosye Radio Télé Misso nan Gonaiv ap kontinye swi pou ou.

✍🏻:Radio télé misso


Comments are closed.