Nòdès – Ensekirite : Profesè Diroche St-Florin mouri anba kout manchèt.

2,563

06-12-2022
Bwadlorens, Ayiti_____(TRiboLAND) Rèl te eklate nan diferan kwen nan rejyion Bradlorens nan komin Monben yè samdi 11 jwen 2022 a lòske popilasyon an te aprann zak asasinay profesè Diroche St-Florin.

Konsa, endividi moun pat rive idantifye rache anba kout manchèt profesè Diroche St Florin lakay li nan lannwit samdi 11 jwen pou louvri dimanch 12 jwen nan lokalite Bwadlorens.

Moun ki renmen wè, te dekouvri kadav viktim nan toutouni e chaje ak kout manchèt anndan lakay li. Peni li te koupe e yo te ale ak motosiklèt li. Pou anpil moun ki dlo nan je, Diroche se te yon profess`e nan zòn nan ki te trè afab e detèmine pou bay pen lenstriksyon a tout yon kominote ki defavorize.

Zòn Bwadlorens pa abitye tonbe nan nivo kriminèl sa a; yo mande pou lajistis chèche lotè yo e trennen yo devan ban lajistis.

Jn simon Manex, TRiboLAND

Comments are closed.