Nòdwès: Yon manman ak 2 pitit asasinen ak kout manchèt nan 8e Seksyon Pòs Metye, lokalite Dlo Sale

235

01/04/21

Nòdwès: Yon manman ak 2 pitit li asasinen ak kout manchèt nan 8e Seksyon Pòs Metye, lokalite Dlo Sale

Pòs Metye, Pòdpè_____(TRiboLAND) Endividi yo pa rive idantifye asasinen ak kout manchèt madam Kerrelein Julien, 48 lane ansanm ak 2 pitit li: Bob Saintil 15 lane ak Fleuridieu Chisenaîda 9 lane.

Jjj sipleyan Tribinal Depè Pòdepè a, Me Paul Blanc ki t’al fè konsta legal yo jounen dimanch 3 janvye 2021 an, deklare yo rive dekouvri kò madàm Kerreleine Julien anndan yon twou twalèt ak kò l tchake ak kout manchèt. Zak sa a komèt nan lannwit 31 desanm 2020 pou louvwi premye janvye 2021 an, nan zòn Pò Metye, 8e Seksyon kominal Pòdpè, lokalite Dlo Sale.

Tou swit aprè konsta legal yo, otorite yo pat pèdi tan pou pase paran viktim nan lòd pou antere l rapid akoz kò a ki te deja ap deteryore. Yo rive poze men nan kòlèt 4 endividi pou ankèt. Kanta 2 pitit Kerreleine Julien yo, yo pa janm retwouve tras yo.

Nan moman n’ap pale la, gen yon ankèt ki deja louvri pou rive mete men nan kòlèt vrè asasen Kerreleine yo.
Kanta 4 endividi say o ki se Saintil Mirtha, Odalbert Pierrant, Dumarsais Henriquez ak Bélizaire Ancy, yo deja jwenn arestasyon yo nan kàd dosye sa a; y’ap reponn kesyon SDPJ nan komisarya Pòdpè a e yo gen pou yo pase pwemye nwit yo nan Gadavi komisarya Pòdpè a.

Saint Jean Wiskis

                                                                  

Comments are closed.