Nou pa wè klè! DCPJ lage yon manda rale trennen pote vini dèyè Guy Philippe

641
0
Share:
TRiboLAND

Enel Richard

Aprè arestasyon ansyen depite Kenskòf la, Alfredo Antoine yè vandredi 4 avril 2025 lan nan komin Petyonvil; koulya rada Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) ta sanble pwente sou ansyen senatè Guy Philippe. Selon yon seri sous ki nan antouraj DCPJ, yon manda trennen pote vini emèt dèyè senatè a nan kad relasyon sispèk li ak group amé kap simen laterè atravè peyi a.

Opozan politik kontrovèse ki ap domine gagè politik la depi aprè li te finn fè prizon nan peyi Tonton Sam, senatè Philippe tonbe anba akizasyon kòm moun ki nan danse kole ak bandi ame. Paralèlman, responsab DCPJ yo ki deja ap fè fas ak yon defisi moral nan sosyete ayisyèn nan, voye menm manda sila bay yon kouzen Guy Philippe ki pote non “Samuel”, ki se egalman alatèt brigad Kanapevè a, ki ap deplore konpòtman sangwen ak enkonpetans dirijan ayisyen yo fas ak konplisite yo e ensekirite kap vale teren atravè peyi a.

Yo akize Samuel, kòm moun ki nan aktivite ilegal ak group ame anndan peyia. Pou anpil kritik , sa pa etonan avèk ganiman ki sou pouvwa a. Akizasyon sila yo montre siyn enkonpetans ak feblès ou laperès KPT ak gouvènman Fils-Aimée a aprè dènye mega demonstrasyon popilè yo yè vandredi a. Sitiyasyon sila, esplike avèk ki odas DCPJ prosede pou fasilman akize sitwayen kap denonse enkonpetans ak prostitisyon nan gouvènans peyia.

Alòske moun Mibalè, Sodo, Kwadèboukè e latriye pa santi prezans DCPJ atravè yon seri manda kont malfwa gang ame yo. Ke peyi a fann an 2, fòk popilasyon ayisyèn nan mete yon fen ak yon ti group politichyen ak richyen kriminèl kap souse san rete e ki kenbe nasyon ayisyèn nan nan yon eksplwàtasyon e yon mizè enfènal ki pa egziste oken lòt kote sou planèt la.

Pou anpil sitwayen, se yon vye kou bèbè, yon parèy dosye tèt chat deja malmoute! Li tap fè plis sans, si DCPJ ta kòmanse avèk antouraj li yo nan KPT a ki ta genyen ramifikasyon louch avèk gang, e menm voye ofri yo gro magogo lajan an likid anbachal.

Share:

Leave a reply