Depatman Lwès: Anlèvman 3 doktè nan mwens 48èd tan

330

12/26/20

Arkayè_____ Jezi! Kote sa ap rive! Nèg ak zàm kagoule ap miltipliye zàk kidnapping nan peryòd fèt fendane a. Se ka Dr. Rousse Derby Jean-Gilles ke group gang sangwen ame arive anlve mèkredi maten 23 desanm 2020 an sou wout nasyonal numero 1 nan Arkayè, site drapo nasyonal la.

Sangwen yo anlve Dr. Jean-Gilles nan moman li tap pran wout travay li lòske yo fè va sou chofè a e arive netralize doktè Jean-Gilles ak tout moun ki te nan machin nan, toujou daprè menm sous la.

An echanj pou liberasyon doktè a, ravisè yo egzije fanmiy profesyonèl sante a yon sòm ki apeprè $700.000 dola ameriken alòske fanmiy la ki pa konnen ki sen pou yo rele rive a gde 35,000 ayisyen, yon montan ke ravisè yo totalman rejete e menase pou mete fen a vi doktè nan fen mwa desanm nan.

Paralèlman, yon lòt fanmiy pa sispan woule atè ak kriye san rete pou yon lòt doktè ke bandi ame arive kidnape ansanm avèk pitit fi li ki te an misyon nan peyi Dayiti.

Dr. Elie Henry, yon pwensipal dirijan Divizyon Entè-amerikèn Advantis 7èm Jou tap soti nan yon sèvis relijyez ak pitit fi li nan lanwit jedi 24 desanm 2020. Sous ki pròch fanmiy lan ta konfime ke pitit fi Dr. Henry a se yon doktè egalman; ravisè yo ta mande yon ranson 5 milyon dola ameriken an echanj liberasyon viktim yo.

Antretan, anpil konkregasyon Advantis 7èm Jou atravè lemonn pat sispan eksprime endinyasyon yo fas ak yon parèy zak babarik. Yon bon valè legliz Advantis mobilize nan diaspora a; plisyè sèvis sabatik jounen jodi samdi 26 desanm nan, te konsakre yon moman priyè entèseksyon ak liberasyon pou Dr. Henry, pitit fi li ak tout lòt moun ke yo kidnape.

Yon lòt kalvè, yon lòt dram, yon lòt kriye ak yon lòt ranson anba je yon leta ak yon gouvènman Pati Haiti pou Tout Kidnapè (PHTK) ki ta sanble enplike ra gagann nan tèworize pròp sitwayen lakay li tèt kale!

Jacob Bendalham

Comments are closed.