Gaz la desann tout kote ki sa ki anpeche leta Ayisyen a desann li

0 375

Pòtopwens____(TRiboLAND) Tout kriminèl se kriminèl, men tout kriminèl pa menm! Gen nan yo atravè lemon ki gen ti kal konsyans pou pèp lakay yo.

Okazyonèlman trajedi kowonaviris la kap ekstèmine moun atravè planèt la gen gwo enpak konsiderab sou pwi gaz la. Tout moun ka konstate yon degrengolaj sistematik pwi petwòl la sou mache entènasyonal la; lò nwa a tankou yo toujou rele l, pase de $60 dola US jiska $20 dola US pa barik.

Konsa, tout gouvènman responsab, ki gen tèt dwat, ki pa kwè nan swiside pwòp peyi yo, fè prèv bon sans ak lidè responsab nan pwofite apeze sitiyasyon mizèrere sitwayen lakay nan desann egalman pwi gaz sou tèritwa lakay yo. Nou pa ka enumere ki kantite peyi ki pa ezite pwofite desann pwi gaz la lakay yo nan moman sa.

Sepandan pou Ayiti, tout sa ki moute pa janm desann! An nou gade nan ki pwen kriminalite dirijan yo rive. Eske sa ta vle di ke tout popilasyon an zonbifye nan yon pwen kote ke dirijan yo gen plen pouvwa pou kontinye ap fè fòtenn ak yon gaz ki desann ra gagann sou mache entènasyonal la, aloòske yo kontinye ap sisite popilasyon an ala vyolans e mete tout moun nan extrèm povwete avèk raj. Ki kè, ki santiman dirijan sa yo ki rele tèt yo dirijan genyen nan kontinye genbe pwi gaz la menm jan li te ye avan an? Kòman pou yon senp sitwayen pa arive kwè vrèman ke se dirijan yo kap alimante kidnapping nan pou yo fè magogo menm lè sa koute efondreman nasyon an?

Dirijan nou yo pa depaman ak gwoup gang kap egòje moun e fè resèt chak jou sou popilasyon an ki deja ap naje nan fatra. Nou felisite kouraj kèk responsab vil pwovens ki espwime senpati yo fas a yon tèl sitiyasyon e ki manifeste egalman entansyon yo pou menm fikse pwi transpò yo pa rapò ak degrengolaj gaz la sou mache entènasyonal la. Madichon je kwazandye kont tout atoufè mafya kansè san konsyans ki pa diyn pou ta sitwayen peyi sa!

Leave A Reply