Krim sanginè pou yon inyèm fwa nan komin Bomon

837

09 – 16 – 2923

Bomon, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kòmansman weekend nan, komin Bomon konnen yon lòt fwa ankò yon lòt krim desan trè dramatik. Wèch Smith alyas “Anepam”, mouri aprè yon dam ki rele Izrène Semezier te finn ponyade li ak yon kout ponya nan vant.

Krim sa rive fèt,  swit ak diskisyon Wèch Smith te genyen ak yon pitit gason prezime kriminèl la, Izrèn Semezier ki pat pran tan pou chape poul li dèyè yon moto taksi.

Nap fè remake komin Bomon pa genyen pwezans polisyè menm pou fè remèd pandan anviwon 6 lane, tandiske se yon komin ki genyen ladan li anpil aktivite komèsyal kap manje ribi.

Comments are closed.