“Jounen Mondyal Timoun yo” nan Senlwidinò

1,912

06-12-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Nan okazyon Jounen Mondyal Timoun yo, legliz Nazarenyen 3èm seksyon Dègranj nan komin Senlwidinò òganize yon seri aktivite pou make dat sa avèk ti inosan ki soti nan diferan kontre nan seksyon an jodi dimanch 12 jwen 2022 a.

Konsa, anfaz ki mete nan okazyon an genyen pou wè avèk sansibilize yo sou enpòtans ak valè yo nan sosyete a. Yon gro konferans ou deba te dewoule nan mitan yo; se te pou montre avni yo genyen kòm jenerasyon kap vini.

Kidonk anpil jèn livre nan pote zam, fè antèn pou nèg ki gen gwo mwayen, se manke ankadreman familyal ak absans otorite etatik yo nan peyi a ki alabaz tout dega sa yo.

Yon kri dalam lanse bò kote otorite yo nan peyi a, pou bay timoun yo akonpayman adekwàt pou yo kapab devlope fakilte ki pou pèmèt yo idantifye dwa ak devwa yo nan sosyete a kòm timoun. Yo se boujon lespwà pou demen peyi ou yon grenn ki plante nan bon tè ki pou bay bon sitwàyen avèti.

Pierrilien Nicol Colly, TRiboLAND

Comments are closed.