Nòdès/enfrastrikti : Travay yo ap kontinye nan santral elektrik Ganize a.

2,638

06-06-2022

Yon Santral elektrik ki ta dwe inogire depi nan mwa septanm 2021 ki sot pase la, sepandan avèk efò teknisyen yo, travay yo ap vanse.

Ganize, Ayiti____(TRiboLAND) Sa gen pase 2 semènn, nan yon konvèsasyon prive n te gen avèk majistra enterimè komin Ganize a, Sylvio Micano, li fè TRiboLAND konnen travay yo pa kanpe sou rezo elektrik la.

Aprè yon teknisyen fransè ki sot pase plis pase yon mwa pou travay sou rezo a, pat rive fe sa l ta dwe fè. Nan alimante batri yo ak invètè a pou kapab pwodui kouran jiskaprezan ki poko anfòm.
Sa gen plis pase plizyè jou depi gen yon nouvo teknisyen ki soti nan peyi Lachin, nan endistri kote aparèy la te fabrike a. Li gen yon misyon 2 semèn sèlman pou finalize prosesis ajisteman yo.

Genyen divès lòt travay ki rete pou fèt avan inogirasyon Santral la, daprè pawòl majistra a. Tankou fim ki pral genyen responsabilite pou branche popilasyon a.

Nan konbyen tan popilasyon Ganize ap jwenn yon ti lòzèy limyè pou klere lakay yo; se yon gro kesyon ki jiska prezan ki pa genyen repons imedya.

Jn simon Manex


Comments are closed.