Direksyon depatmantal sanitè Grandans lan, mande liberasyon 2 medsen bandi nan Potopwens, kidnape depi plizyè semèn.

802

08-06-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Direktè depatmantal sante piblik Grandans lan, doktè Angello Duvelson, nan non pèsonèl sante yo ki atravè 14 komin depatman Grandans lan, mande san kondisyon liberasyon, doktè Samson Marseille, direkte laboratwa nasyonal ke bandi sangwen te kidnape e menm arive blese’l anba bal.

Direksyon an rapouswiv, pou li mande egalman liberasyon doktè Renold Grandpierre, espesyalis nan zafè sante fanm. Bandi sangwen yo te kidnape, alòske pandan li anba men malfwa yo, madanm li arive mouri. Li toujou anba men bandi yo ki reklame yon montan 900,000 dola blan meriken, dapwè yon manm familyàl.

Pou direktè depatmantal sante piblik Grandans lan, doktè Angello Duvelson, kidnapping 2 pwofesyonèl sante sa yo, genyen gwo konsekans sou anpil sèvis lasante pou tout peyi a; akoz absans doktè Samson Marseille, responsab laboratwa nasyonal pa kapab delivre rezilta pou maladi atrapan yo, ni pou kolera kap fê ravaj anpil kote nan depatman Grandans lan, an pati nan prizon sivil Jeremi an.

Comments are closed.