Yon jèn bandi gang mouri nan boukante kout zam ak lapolis nan Kwadèboukè

832

12-11-2022

Kwadèboukè, Ayiti_____(TRiboLAND) Jean Baptiste Johnson alyas “Bout John” se non yon bandi gang ki jwen lanmò li jodi dimanch 11 desanm 2022 a nan komin Kwadèboukè.

Selon enfo ki rive nan sal redaksyon TRiboLAND, Bout John arive blese e mouri nan troke kònn ak lapolis aprè yon zak kanbyolaj. Chèf lòd yo arive konfiske yon zam latroublay, yon speaker ak yon malèt ke eskanmòtè a ta pran nan moman vòl la.

Li enpòtan pou sinyale, chèf lòd yo kontinye ap chèche lòt reselè bandi ki ta enplike nan yon parèy zak eskanmòtè.

Istach Santiana

Comments are closed.