Anfen premye trimès ane 2023 a, popilasyon Ganize a pral gen chans jwenn enèji elektrik andan lakay yo

993

01-19-2022

Ganize, Ayiti ___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou li bay TRiboLAND mèkredi 18 Janvye 2023 a, Majistra titilè komin Ganize a, Sylvio Micano fè konnen gen yon tès ki pral fèt sou rezo elektrik rejyon an nan mwa kap vini la yo.

Daprè Majistra Micano, se chak jou ki jou plizyè sitwayen nan popilasyon an ap mande kilè yap gen limyè lakay yo? Se konsa, lidè a te toujou pans eke li bay popilasyon an tròp pawòl mete la. Li te toujou swete wè projè enèji a te rive nan bout li. Micano rapousiv pou l di, daprè dènye enfòmasyon responsab pwojè a kominike avè’l, gen teknisyen kap vini pou konekte mwayèn antrepriz ak ti antrepriz yo nan zòn nan pou tèste sou santral la.

Nap raple se yon pwojè ki te kòmanse depi sou ansyen prezidan Jovenel Moise e ki te vize egalman plizyè lòt lokalite nan depatman Nòdès peyi a tankou: Valyè, Kapotiy ak Ganize ki poko janm delivre sèvis yo.

Jn Simon Manex mjsnews701@gmail.com

Comments are closed.